Lanati ba nou tout bagay nesesè

in #cryptonewshaiti7 years ago

Kiles ki ka dim sa ki pi bon pase oksijèn? Lanati ban nou li san n pa bezwen peye yon sou.-Kiles ki ka dim sa ki pi bon pase limyè solèy? Nou jwenn li chak jou san nou pa depanse pou sa.-Kiles ki ka dim sa ki pi bon pase fri ak legim? Nou jwenn yo an kantite nan lanati san nou pat janm kreye.- Sa ki pi enpotan ke dlo? Anpil kote nou pase bel rivyè ap koule, bel sous ap bay dlo san nou pa janm konnen kiles ki te mete yo.
Maten an li enpotan pou nou reflechi byenfè sa yo ke Bondye ban nou. Gen twop bagay enpotan ki disponib pou nou, nou pa dwe fe sousi pou ke nou pa genyen.
Nou konn baytay pou l'or ak dyaman, men konbyen fwa nou konn we yon moun paka viv paske li pa jwenn l'or ak Dyaman? Nou goumen pou petrol! konbyen fwa nou we yon moun paka viv koz li pa gen petrol? Mwen reyalize ke nou bay sa plis enpotans ak yon bann bagay ki mwen enpotan. Se vre Bondye te fe previzyon pou sa ki endispansab yo disponib pou tout moun.
Chak jou nou leve, nou dwe beni non Bondye pou tout sa li fe pou nou. Si oksijen te vann sou mache, malere tap nan kouri, si limye soley la te pou vann, anpil moun patap ka viv.

Mwen kite nou reflechi sou tout gwo mevey Bondye yo.