Konnen Ayiti

in #cryptonewshaiti6 years ago

Jodi a mwen kontan pou m pale nou de youn nan pi bel depatman peyi Ayiti genyen. Depatman sa rele Nip (Nippes en francais). Se nan mwa oktob 2003 Nip te moute nan ran depatman, avan sete yon pati nan depatman Grandans li te ye. Nou ka di ke se pi jèn depatman peyi a genyen.
Depatman Nip genyen 3 awondisman, 11 komin ak 37 seksyon kominal, pou n site non komin yo : Miragwan ki se chef lye depatman an, Ansavo ki se dezyem chef lye li ( se nan sel depatman sa nou jwenn 2 Dyosez, youn Ansavo lot la Miragwan), Tirivye de Nip, Payan, Fondènèg, Lazil, Titrou de Nip, Plezans Sid, Baradè ak Ano. Genyen nan komin yo pa limite ak lanmè e gen lot ki kotyè.
téléchargementnip.jpg

Lagrikilti se prensipal aktivite moun nan Nip (li reprezante plis pase 90% nan sa moun ap fè), anpil moun kap viv nan zon kot yo fè aktivite lapèch men se pa yon sektè ki byen devlope. Genyen anpil sit touristic nan depatman an nou ka site Sodibaril ki se prensipal kote moun yo ale nan pelerinaj, genyen gwot nan Titrou ak Plezans epi genyen yon bel litoral.
images sodibaril.jpg
Depatman Nip se kote kite konn bay anpil gwo powet lontan. Se kote moun konn resevwa moun byen. Lè ou ale nan zon plenn yo, ou manje reg pwason w, ou jwenn mango a gogo. Men lew moute nan de montay yo, ou jwenn tout kalte fri ak viv alimanté, nan tan lontan timoun te renmen ale pase kek jou vakans la telman yo te jwenn amizman.
Mwen gen pou m pran sanm pou m fe nou konnen depatman sa ak tout opotinite dafe ki gen ladann.
photo_2018-02-23_17-40-25.jpg

Sort:  

Oui e pitit mwen Nip ye oui. Poet u di Nip Bay yo e pa sa jeremie yo ? Oui map tann lot atik sa a ou di wap pale de Nip anpil la.
Kenbe la

Nip kite konn bay les freres Ardouin et Nau.

Han ok m sonje neg sa yo vreman oui. men jeremie gen plis. nip komanse apre pestel. Mwen tap sou zile kayimit bel kote moun yo dim baraderes tou pre a.